top of page

Etap 4: Fason pou Konprann Desizyon Jij la

Fason pou Prezante Apèl yo

Konbyen tan mwen genyen pou fè apèl kont desizyon jij la?

Si Jij Imigrasyon an bay refi pou ka ou, ou gen 30 jou pou fè apèl kont desizyon li. Si Jij Imigrasyon nan pran desizyon li pandan odyans final ou, peryòd 30 jou a ap kòmanse menm jou a. Men, si Jij Imigrasyon an voye pa-lapòs oswa voye yon desizyon ba ou apre odyans lan, peryòd 30 jou a ap kòmanse nan dat ki endike nan desizyon an. 

 

Nan premye etap pou fè apèl kont desizyon yon jij  w ap gen pou fè apèl kont desizyon an pandan pwosè a. Pou fè sa, ou ta dwe “rezève apèl la” avèk jij imigrasyon an. Ou dwe rezève apèl ou,  si non ou ka pa jwenn okazyon pou prezante ka ou ba Komite Apèl Imigrasyon (Board of Immigration Appeals, BIA).

 

Dezyèm etap ou dwe fè pou prezante apèl ou kont desizyon jij la se depoze avi apèl ou nan 30 jou apre desizyon an. ou dwe ranpli epi prezante Fòm EOIR-26 pou fè sa. Nan fòm sa a, w ap mete sèlman enfòmasyon debaz ki dèyè apèl ou. Gen yon frè pou peye pou sa men ou kapab prezante yon demann egzonerasyon frè a (EOIR-26A). Swiv enstwiksyon yo nan fòm nan pou jwenn fason pou prezante Avi EOIR-26 ak fason pou peye frè a. 

 

Twazyèm etap la se pou prezante yon demann pou yon Dosye Pwosedi, ki se yon dosye odyans endividyèl ou okonplè avèk jij imigrasyon ou. Pou fè sa, w ap gen pou prezante yon Fòm EOIR-59. Ou kapab swiv enstwiksyon yo sou paj sitwèb sa a pou jwenn fason pou prezante fòm nan. W ap bezwen kapab idantifye kote ou panse jij imigrasyon ou te fè yon erè. Tanpri sonje gen egzanp kote yo voye Dosye sa a ale otomatikman lè ou depoze Avi Apèl la.

 

Lè ou fè twa etap administratif sa yo, ou ta dwe mete alekri tout rezònman ou yo sou rezon ki fè Jij Imigrasyon ou pa t kòrèk nan desizyon li. Nou rekòmande ou pou konsilte avèk yon avoka pou ede ou nan preparasyon ak prezantasyon rezònman legal yo.

Kisa chwa mwen yo ye si apèl mwen gen siksè?

si nou fè apèl sou ka ou devan Komite Apèl Imigrasyon epi apèl ou gen siksè, ka ou toujou pa nesesèman fini. Ou toujou gen dwa ak chwa posib pou fè apèl sou ka ou pidevan nan yon tribinal siperyè, ki rele Tribinal Sikui Federal. 


Lè ou fè yon apèl devan Tribinal Sikui Federal sa pa otomatikman anpeche yo voye ou ale (kanpe depòtasyon ou) nan Etazini. Pou yon moun kapab jwenn lòd pou rete pwoteje kont depòtasyon, li dwe fè yon demann apa pou bloke depòtasyon an pandan apèl sa a. Sa vle di, pou rete nan Etazini pandan tribinal la ap revize ka ou, moun nan dwe depoze yon demann apa pou anpeche yo retire li nan peyi a.  


Paske kalite kontestasyon sa yo  konplèks epi yo gen diferan egzijans pase Tribinal Imigrasyon ak Komite Apèl Imigrasyon, li enpòtan pou konsilte avèk yon avoka lisansye anvan ou fè chwa sa a.

Kesyon Etap 4

Etap 4: Fason pou Konprann Desizyon Jij la

Previzyon Rezilta yo

  • Ki diferan desizyon jij la kapab pran?

  • Kisa sa vle di si gouvènman an ofri ou youn nan lòt kalite chwa sa yo?

Fason pou Prezante Apèl yo

  • Konbyen tan mwen genyen pou fè apèl kont desizyon jij la?

  • Kisa chwa mwen yo ye si apèl mwen gen siksè?

Pro Se Plus Project logo

Bay Imigran yo Pouvwa epi Mobilize Kominote yo

© 2023 se Pwojè Pro SE Plus fè ki fè l. Se RonaldDesigns ki fè konsepsyon an| Kondisyon Itilizasyon yo | Règleman sou Vi Prive

bottom of page