Apwopo PSPP

Kiyès nou ye?
Pwojè Pro Se Plus la se yon kolaborasyon founisè sèvis jiridik pou imigrasyon yo – Catholic Migration Services (CMS), Central American Legal Assistance (CALA), New York Legal Assistance Group (NYLAG), ak UnLocal – ak òganizasyon kominotè – Masa, South Brooklyn Sanctuary (SBS), ak African Communities Together (ACT), – kreye pou abòde kèk nan bezwen jiridik imigran ki fenk rive nan Vil Nouyòk.
Tandans migrasyon resan yo mete aksan sou yon reyalite kominote nou yo santi pandan plizyè lane: pa gen ase founisè sèvis jiridik imigrasyon pou satisfè bezwen pou reprezantasyon oswa menm pou enfòmasyon jiridik.
Pwojè Pro Se Plus la (PSPP) bay bon jan oryantasyon jiridik, egzamen solid, yon triyaj, e yon aksè kominotè ak yon asistans pro se pou aplikasyon pou azil, otorizasyon travay, rekèt devan tribinal imigrasyon yo, ak lòt mezi ki gen rapò ak imigrasyon pou imigran ki pa reprezante yo. Menmsi yon reprezantasyon konplè rete esansyèl, PSPP a travay avèk avoka ansanm ak moun ki pa avoka, benevòl, ak estajyè ki gen fòmasyon ak sipèvizyon enpòtan pou bay asistans pro se, konble twou vid ki genyen nan sèvis yo, epi satisfè bezwen kominote nou yo k ap parèt.
Poukisa PSPP te kreye?
PSPP a te fonde pou abòde reyalite difisil sa a ak yon modèl kominotè, konseye moun k ap chèche azil sou dwa legal yo, ede yo nan prepare ak depoze aplikasyon azil nan tribinal, epi pèmèt yo reprezante tèt yo nan odyans imigrasyon. Kalite apwòch inovatè, reyaktif sa a se sa vil nou an bezwen pou satisfè bezwen imigran yo imedyatman.

Sèvis Nou yo
PSPP kreye epi pwopoze atelye edikasyon kominotè ki esplike imigrasyon Ozetazini, kondisyon elijiblite yo pou azil ak otorizasyon travay, pwosedi aplikasyon ak depo devan USCIS ak tribinal imigrasyon an, dosye prèv yo, epi preparasyon pou entèvyou ak odyans nan tribinal.
PSPP a fòme benevòl kominotè, patnè ki pa la pou fè lajan, ak avoka benevòl pou yo konprann kondisyon pou azil yo, otorizasyon travay, ak plis toujou pou ogmante kapasite pou ede imigran ki fenk rive yo.
PSPP a analize ak triyay imigran ki fenk rive yo, bay konsèy jiridik, epi dirije yo nan atelye edikasyon kominotè, dokiman pou edikasyon piblik ki aksesib nan plizyè lang, ak klinik asistans pou aplikasyon pro se yo.
PSPP fè epi òganize klinik pro se pou imigran ki fenk rive yo san reprezantasyon jiridik pou resevwa asistans pou ranpli ak depoze pwòp aplikasyon yo pou azil ak otorizasyon travay, pami lòt soutyen.
PSPP sansibilize kominote imigran ki fenk rive yo pou ede moun yo evite fwod notè, tronpri, epi peman depase pou sèvis yo nan nesesite pou yo. PSPP ede moun tou pou evite rezilta defavorab devan tribinal imigrasyon, tankou òdonans ranvwa in absantia (nan absans yon moun, lè yon moun pa patisipe nan odyans tribinal imigrasyon yo), ak delè yo rate.
Patnè nou yo

African Communities Together se yon òganizasyon imigran afriken k ap goumen pou dwa sivil, opòtinite, e yon lavi miyò pou fanmi nou yo isit Ozetazini ak atravè lemond. ACT pèmèt imigran afriken yo entegre yo sosyalman, avanse ekonomikman, e angaje yo sivikman. Nou konekte imigran afriken yo ak sèvis enpòtan, ede afriken yo devlope kòm lidè, epi òganize kominote nou yo sou pwoblèm ki enpòtan yo.

Catholic Migration Services (CMS) se yon founisè sèvis jiridik ki pa la pou fè pwofi ki afilye ak Catholic Charities nan Brooklyn ak Queens. CMS bay sèvis jiridik gratis ak edikasyon kominotè pou moun ki abite Vil Nouyòk ki gen revni fèb nan domèn imigrasyon, lojman, ak lwa travay, kèlkeswa ras, relijyon, etnisite, orijin nasyonal, oswa estati imigrasyon. CMS ap chèche bay kominote imigran yo mwayen pou yo revandike dwa debaz yo epi pou yo jwenn aksè ak yon reprezantasyon jiridik ki efikas e ki apwopriye sou plan kiltirèl.

Central American Legal Assistance (CALA) bay kominote imigran New York yo sèvis jiridik gratis oswa a bon mache. Misyon nou se pwoteje ak defann moun k ap chèche azil ki soti Amerik Santral ak Disid epi elaji dwa sivil tout imigran yo. Baze nan yon legliz Brooklyn, CALA ofri imigran yon baz pou jwenn konsèy oswa avi ansanm ak reprezantasyon jiridik.

Masa fè patenarya ak timoun, jèn ak fanmi meksiken ak amerik latin nan sid Bronx pou fòme elèv e lidè ki solid ki kontribiye totalman nan kominote a nan yon sans ki pi laj. Nou anvizaje yon kominote ki angaje sivikman, otonòm, e edike. Masa favorize yon kominote aprantisaj ki reyaktif sou plan kiltirèl kote fanmi yo angaje yo nan pwogram sèvis dirèk e defans pou elimine baryè pou siksè yo.

NYLAG se yon òganizasyon sèvis jiridik sivil ki nan premye plan nan konba kont enjistis ekonomik, rasyal ak sosyal atravè defans moun ki nan sitiyasyon povrete oswa kriz. Sèvis nou yo gen ladan yo sèvis jiridik sivil ki konplè e gratis, otonomizasyon finansye, litij enpak, defans politik, ak patenarya kominotè yo. NYLAG egziste paske richès pa ta dwe detèmine ki moun ki gen aksè ak lajistis.
.jpg)
South Brooklyn Sanctuary (SBS) reponn a yon kriz dwa sivil ki kache anba je tout moun: pa gen dwa pou gen avoka nan tribinal imigrasyon, e prèske mwatye nan Newyòkè imigran yo oblije reprezante tèt yo nan pwosedi legal konplèks. Nou fòme volontè pou sipòte manm kominote imigran yo k ap navige nan yon sistèm legal k ap chanje rapidman, avèk plis klète ak diyite.

UnLocal gen pou objektif pou l abòde enjistis fondamantal ak inegalite estriktirèl yo ki gen yon enpak dispwopòsyonèl sou kominote imigran yo. Nou se yon òganizasyon ki pa la pou fè lajan ki santre sou kominote a ki bay reprezantasyon jiridik dirèk nan imigrasyon, yon edikasyon kominotè, yon sansibilizasyon ak yon defans pou imigran ki pa gen papye yo nan New York. UnLocal dedye l ak kreyasyon estrikti dirab ki ranfòse pouvwa kolektif la e pèmèt nou epanwi nou.