Etap 4: Fason pou Konprann Desizyon Jij la
Previzyon Rezilta yo
Ki diferan desizyon jij la kapab pran?
Yon jij kapab apwouve ka ou, oswa li kapab pran yon desizyon administratif san li pa pran yon desizyon final sou aplikasyon ou pou kondisyon imigrasyon ou.
​
Anjeneral yon Jij ap pran yon desizyon menm jou odyans “endividyèl” ou oswa odyans selon “merit” kote w ap bay temwayaj ak prezante prèv.
​
-
Jij la kapab pran yon desizyon oral, sa k ap vle di l ap di desizyon an ak rezon pou desizyon an awotvwa. Ap gen yon anrejistreman tout odyans yo epi ou kapab resevwa yon pwosè-vèbal sou sa Jij la di apre odyans lan.
-
Jij la kapab pran yon desizyon ekri, k ap dekri desizyon an alekri ak rezon pou desizyon an.
​
Jij la ap ba ou desizyon sa a pandan yon odyans oswa l ap voye desizyon an nan yon dat apre. Li pa komen poui resevwa yon desizyon ekri epi anjeneral Jij la ap ba ou yon lòt dat odyans pou prepare desizyon ekri a epi l ap bay li pou ou nan pwochen dat odyans lan.
Chwa #1 - Apwobasyon: si ou gen yon afè devan Tribinal la, Jij Imigrasyon an se sèl moun ki kapab pran yon desizyon final pou akòde ou yon azil politik. Apre odyans lan temwayaj ou ak revizyon prèv ou yo, Jij la kapab pran yon desizyon pou akòde ou azil politik.
​
Lòt Fòm Soulajman
​
-
Lè ou aplike pou azil politik, ou aplike pou de lòt fòm soulajman tou: Eliminasyon Depòtasyon ak
pwoteksyon anba
Konvansyon Kont Soufrans Fizik Ekstrèm. -
Si Jij la deside ou pa kalifye pou azil politik men ou ta domaje si ou te dwe retounen nan peyi orijin ou, Jij la ka bay refi pou demann azil politik ou men li ka akòde ou Eliminasyon Depòtasyon oswa pwoteksyon anba Konvansyon Kont Soufrans Fizik Ekstrèm.
-
Lòt pwoteksyon sa yo pa solid menm jan ak lè yo akòde ou azil politik epi ou ta dwe konsilte avèk yon avoka konsènan chwa ou yo anba lòt fòm soulajman sa yo, men yo se pwoteksyon kont depòtasyon epi y ap pèmèt ou viv ak travay legalman nan Etazini.
Menmsi Jij la akòde ou azil politik (oswa Eliminasyon Depòtasyon oswa pwoteksyon anba Konvansyon Kont Soufrans Fizik Ekstrèm), Avoka pou Depatman Sekirite Teritwa (Homeland Security) gen 30 jou lè yo kapab fè apèl kont desizyon an. Si li pa fè apèl nan 30 jou, desizyon Jij la final. Ale nan dokiman pou jwenn pwochen etap yo.
Chwa #2 - Refi: Si Jij la bay refi pou aplikasyon ou pou azil politik (ak/oswa nenpòt lòt kondisyon imigrasyon ou te aplike avèk Jij Imigrasyon an), Jij la ap bay lòd pou yo depòte ou nan peyi orijin ou. Se sèlman yon Jij Imigrasyon ki kapab bay yon lòd pou retire ou nan peyi a oswa pou depòte ou.
Jij la dwe endike rezon yo ki fè pou pa kalifye pou azil politik ak done ak prèv Jij la te konsidere lè li t ap pran desizyon li. Jij la ka pran desizyon sa a aloral ( awotvwa nan odyans lan) oswa li ka pran desizyon an alekri.
​
Ou gen dwa pou fè apèl kont nenpòt refi nan 30 jou apre desizyon Jij la.
​
Nan yon fason ki enpòtan, desizyon Jij la p ap yon desizyon final jouk apre Komite Apèl Imigrasyon deside si Jij la te kòrèk (oswa30 jou apre Jij la pran desizyon li si ou pa fè yon apèl).
​
Si ou depoze yon avi apèl alè sa ap bloke depòtasyon ou jiskaske yo pran yon desizyon sou apèl la.
​
Chwa #3 - Desizyon Administratif: Olye yon Jij akòde ou kondisyon imigrasyon an oswa olye li bay lòd poui yo depòte ou, li kapab pran yon desizyon administratif sou ka ou.
​
Anjeneral, yon Jij ap pran yon desizyon konsa si ou mande pou sa oswa si avoka ki reprezante Depatman Sekirite Teritwa (oswa ou ak depatman an ansanm) mande Jij la pou pran yon desizyon konsa.
​
Nan ka ra yo, Jij la kapab pran yon desizyon administratif si gen erè oswa konfizyon avèk dokiman gouvènman Etazini prezante sou ka ou.
​
Desizyon administratif yo kapab se Fèmen ka ou (fini ka a ) oswa Fèmen ka ou sou plan administratif (mete ka a nan sitiyasyon inaktif men pa fini ka a).
Kisa sa vle di si gouvènman an ofri ou youn nan lòt kalite chwa sa yo?
Paske Depatman Sekirite Teritwa (Department of Homeland Security, DHS) se ajans ki te kòmanse ka ou nan tribinal, yo kapab mande pou ka a Fèmen (fini) oswa Fèmen sou Plan Administratif (mete sou sitiyasyon inaktif). Tanpri sonje avoka ki reprezante Depatman Sekirite Teritwa pa kapab akòde ni refize ka azil politik ou epi li pa kapab bay lòd pou depòte ou.
​
Fèmti a ap fini ka ou nan Tribinal Imigrasyon epi l ap evite yon lòd depòtasyon; men, li pa yon garanti sitiyasyon epi li p ap pèmèt ou renouvle Dokiman Otorizasyon Travay ou (Employment Authorization Document, EAD). Ou kapab depoze yon lòt aplikasyon pou azil politik oswa pou lòt pwoteksyon avèk Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini pou pouswiv sitiyasyon imigrasyon ou.
​
Fèmti Administratif ap sispann ka ou pou ou p ap resevwa yon desizyon sou demann azil politik ou men ou kapab toujou renouvle Dokiman Otorizasyon Travay ou. Ka a ap rete sispann jiskaske oumenm oswa avoka gouvènman an mande Jij la pou re-aktive ka a.
​
Ou kapab fè yon demann fòmèl pou Depatman Sekirite Teritwa mande Jij la pou Fini ka ou oswa pou Fèmen li sou Pan Administratif. Sa a se yon egzèsis an Pouvwa Diskresyonè, souvan ki rele PD. Anjeneral, avoka gouvènman ap mande ou prèv ak enfòmasyon favorab epi ki montre ou pa yon priyorite pou Etazini depòte (koneksyon fanmi, pwoblèm medikal oumenm oswa fanmi ou soufri, prèv ki montre w ap travay epi ou peye taks nan Etazini). Answit avoka gouvènman an ap fè yon demann fòmèl pou Jij la Fini ka ou oswa Fèmen ka a sou Plan Administratif.
Kesyon Etap 4
Etap 4: Fason pou Konprann Desizyon Jij la​
​
-
Ki diferan desizyon jij la kapab pran?
-
Kisa sa vle di si gouvènman an ofri ou youn nan lòt kalite chwa sa yo?​​
​
-
Konbyen tan mwen genyen pou fè apèl kont desizyon jij la?
-
Kisa chwa mwen yo ye si apèl mwen gen siksè?