top of page

Etap 4: Fason pou Konprann Desizyon Jij la

Lè ou anfas Depòtasyon

Kisa yon ranvwa oswa yon lòd depòtasyon ye?

Anjeneral se yon Jij Imigrasyon ki bay yon lòd depòtasyon oswa yon lòd ranvwa epi nan lòd sa a jij la mande pou ou kite Etazini. Nòmalman Fòm-205 ICE.

 

Yon Jij Imigrasyon kapab bay lòd pou yo voye ou ale oswa depòte ou nan sitiyasyon diferan:

  • Si ou pa aplike pou okenn soulajman kont ranvwa oswa depòtasyon, tankou azil politik, ajisteman kondisyon, oswa anilasyon lòd ranvwa a;

  • Si jij la bay refi pou aplikasyon ou pou soulajman kont ranvwa a (paregzanp, aplikasyon ou pou azil politik);

  • Si ou pa prezante, oswa si ou rive anreta pou odisyon ou nan tribinal imigrasyon. Sa rele yon lòd ranvwa-pa-kontimas. Ou kapab fè yon mosyon pou anile lòd epi pou re-louvri dosye ou nan tribinal imigrasyon si ou satisfè sèten kritè (paregzanp, ou pa t konnen ou te gen yon odisyon, oswa sikonstans eksepsyonèl te anpeche ou patisipe nan odisyon an).

  • Si ou mande Depa Volontè epi jij imigrasyon an akòde ou sa epi ou pa kite peyi a nan limit tan jij la endike a, lòd Depa Volontè a ap vin yon lòd depòtasyon oswa yon lòd ranvwa. 

 

Ou kapab jwenn yon egzanp lòd depòtasyon oswa ranvwa la a.

 

ranfòsman Imigrasyon ak Ladwàn ak Operasyon Ranvwa (ICE) kapab egzekite lòd ranvwa a lè yo mete ou an gadavi ak lè yo fè aranjman pou ou kite Etazini sou depans gouvènman Etazini. Anjeneral, yon lòd ranvwa dwe final pou yo kapab egzekite li. 

 

Yon lòd ranvwa ap vin final si:

  • Ou pa konteste lòd la nan 30 jou apre jij la bay li;

  • Kontestasyon ou anile, epi ou te itilize tout posiblite yo.

Kisa k ap pase si mwen antre nan Etazini ankò apre yo depòte mwen?

Anjeneral li difisil anpil pou moun retounen nan Etazini legalman apre yo depòte yo. Anjeneral, w ap bezwen yon petisyon viza ki apwouve ak yon “egzanpsyon inadmisiblite” (Fòm I-212). Yon egzanpsyon konsa difisil pou jwenn. 

 

Men konsekans ki genyen lè yo depòte ou nan Etazini:

  • Anjeneral, si yo depòte ou apre yon jij imigrasyon bay lòd pou ranvwa/depòtasyon ou, ou pa kalifye pou retounen nan Etazini pou 10 ane (men nan sèten sikonstans ou kapab mande yon egzanpsyon I-212 pou retounen pi bonè).

  • Anjeneral, si yo depòte ou nan Etazini oswa si yo voye ou retounen nan peyi ou plis pase yon fwa, ou pa kalifye pou retounen nan Etazini pou 20 ane (men nan sèten sikonstans ou kapab mande yon egzanpsyon I-212 pou retounen pi bonè).

  • Si yon jij te bay lòd pou retire ou nan peyi a pa-kontimas (poutèt ou pa t ale nan odisyon imigrasyon ou oswa poutèt ou te rive ladan anreta), ou pa kalifye pou retounen nan Etazini pou 5 ane, eksepte si ou kapab montre kòz rezonab poutèt ou pa t prezante.

  • Si alaplas yon jij imigrasyon, CBP oswa ICE bay yon lòd ranvwa ekspeditif kont ou, ou pa kalifye ou pa kalifye pou retounen nan Etazini pou 5 ane (men nan sèten sikonstans ou kapab mande yon egzanpsyon I-212 pou retounen pi bonè). 

 

Kalifikasyon pou yon egzanpsyon I-212 konplike epi li gen anpil faktè ladan, tankou prèv ki montre kantite tan ou te viv nan Etazini, bon karaktè moral, koneksyon fanmi nan Etazini, bezwen pou ladrès ak sèvis ou nan Etazini, difikilte pou ou ak lòt moun si ou pa kapab retounen nan peyi ou, ak plis.

 

Si yo depòte ou epi answit ou re-antre oswa ou eseye re-antre nan Etazini san pèmisyon, y ap konsidere ou kòm yon moun ki p ap janm kalifye pou retounen legalman nan peyi a. Pou metrize diskalifikasyon pèmanan, ou gen pou rete tann deyò Etazini pou 10 ane anvan ou aplike pou yon egzanpsyon I-212. Answit, gen konsekans grav pou si ou eseye re-antre nan peyi a san pèmisyon apre depòtasyon ou. Toudabò, yo ka deside re-mete lòd ranvwa ou annaplikasyon, sa ki vle di yo kapab depòte ou san ou pa wè yon jij imigrasyon, sof si ou fè konnen ou gen laperèz pou pèsekisyon oswa mechanste nan peyi ou epi yon ofisye imigrasyon dakò avèk ou. Ou ka anba akizasyon kriminèl tou pou re-antre ilegal nan Etazini epi si ou koupab, ou ka gen pou peye amann ak ale nan prizon.

 

Si ou panse ou kalifye pou aplike pou yon viza imigran oswa non-imigran pou retounen nan Etazini apre yo depòte ou, ou dwe konsilte avèk yon avoka imigrasyon Etazini.

Èske mwen kapab depòte tèt mwen avèk volonte mwen? 

Wi, ou kapab mande yon jij imigrasyon pou Depa Volontè. Depa Volontè (VD) se yon kalite soulajman kont depòtasyon ou kapab mande nan tribinal imigrasyon, anjeneral anvan odisyon endividyèl la.

 

Gen de diferans ant VD ak yon lòd depòtasyon/ranvwa. Toudabò, VD pèmèt yon pwosesis pi fasil pou imigre legalman nan Etazini pita. Si yon moun kite Etazini avèk volonte li sa p ap fè li pa admisib pou retounen nan peyi a legalman, alòske yon lòd depòtasyon/ranvwa kapab fè yon moun vin pa admisib pou retounen nan peyi a pou apeprè 10 ane. An fonksyon diskresyon, nou wè VD avèk pi bon zye pase yon lòd depòtasyon/ranvwa. Dezyèman, yon moun yo akòde VD dwe peye pou pwòp vwayaj li pou retounen nan peyi kote li soti a, alòske avèk yon lòd depòtasyon/ranvwa, se gouvènman Etazini ki peye vwayaj la.

Men, menm yon depa volontè apwopriye p ap pwoteje yon moun kont lòt pwoblèm inadmisiblite. Paregzanp, si yon moun gen plis pase yon ane prezans ilegal nan Etazini anvan li kite peyi a avèk yon lòd VD, moun sa a pa ta kapab retounen nan Etazini pou 10 ane. Sa rele “entèdiksyon pou 10 ane” epi yo kapab anile li nan sèten sikonstans.

Si jij imigrasyon an akòde VD, lè sa a moun nan pral resevwa yon lòd nan tribinal k ap endike sa. Jij la pral bay moun nan yon sèten kantite tan pou fè aranjman pou kite Etazini, anjeneral 120 jou. Lontan, moun nan te dwe planifye avèk ICE lè li te resevwa lòd la. Sa te vle di bay ICE enfòmasyon sou tikè epi mande yon ajan ICE pou asire moun nan kite Etazini jan sa te planifye. Lè moun nan rive nan peyi kote li te soti a, li ta dwe prezante nan konsila Etazini pou pwouve li te konfòme li avèk lòd VD. Sa enpòtan sitou si moun nan gen entansyon pou retounen nan Etazini nan yon lòt lè. Nou pa byen konnen si pwosedi sa yo te chanje. 

Si moun nan pa kite Etazini pandan tan tribinal la bay li, VD ap konvèti otomatikman an yon lòd depòtasyon/ranvwa. Nenpòt moun yo akòde VD ka gen pou peye sanksyon sivil jiska $5000 si moun nan “pa kite Etazini avèk volonte li nan peryòd tan ki endike a...” Moun nan ap gen entèdiksyon tou pou 10 ane pou yo akòde li sèten avantaj imigrasyon, tankou anilasyon lòd ranvwa, ajisteman kondisyon, chanjman kondisyon, elatriye. 


Tribinal Imigrasyon te pibliye enfòmasyon yo ak oto-oryantasyon sou Depa Volontè. Ou kapab jwenn resous sa yo la a.

Kesyon Etap 4

Etap 4: Fason pou Konprann Desizyon Jij la

Previzyon Rezilta yo

  • Ki diferan desizyon jij la kapab pran?

  • Kisa sa vle di si gouvènman an ofri ou youn nan lòt kalite chwa sa yo?

Fason pou Prezante Apèl yo

  • Konbyen tan mwen genyen pou fè apèl kont desizyon jij la?

  • Kisa chwa mwen yo ye si apèl mwen gen siksè?

Lè ou anfas Depòtasyon

  • Kisa yon ranvwa oswa yon lòd depòtasyon ye?

  • Kisa k ap pase si mwen antre nan Etazini ankò apre yo depòte mwen?

  • Èske mwen kapab depòte tèt mwen avèk volonte mwen? 

 

Fason pou Fonksyone nan Gadavi

  • Kijan pou mwen kontakte yon moun pa mwen ki an gadavi?

Fason pou Mande ak Fason pou Fè yon Entèvyou konsènan Laperèz Kredib

  • Kisa yon entèvyou konsènan laperèz kredib ye?

  • Kijan pou mwen mande yon entèvyou konsènan laperèz kredib?

  • Kijan pou mwen gen siksè nan yon entèvyou konsènan laperèz kredib?

  • Kisa yon entèvyou konsènan laperèz rezonab ye?

  • Kijan pou mwen mande yon entèvyou konsènan laperèz rezonab?

Pro Se Plus Project logo

Bay Imigran yo Pouvwa epi Mobilize Kominote yo

© 2023 se Pwojè Pro SE Plus fè ki fè l. Se RonaldDesigns ki fè konsepsyon an| Kondisyon Itilizasyon yo | Règleman sou Vi Prive

bottom of page