Etap 4: Fason pou Konprann Desizyon Jij la
Fason pou Mande ak Fason pou Fè yon Entèvyou konsènan Laperèz Kredib
Kisa yon entèvyou konsènan laperèz kredib ye?
Yon entèvyou konsènan laperèz kredib (CFI) se yon pwosesis evalyasyon gouvènman Etazini itilize pou estime si yon moun ki fè demann azil politik gen laperèz serye ak grav pou retounen nan peyi kote li te soti a. Anjeneral li se premye etap nan demann azil politik epi nòmalman sa pran yon tan kout apre yon moun rive nan Etazini.
Pou kalifye pou yon entèvyou konsènan laperèz kredib, yon moun dwe:
-
Antre nan Etazini san dokiman antre legal ? (Tankou yon viza oswa dokiman libète sou kondisyon), oswa yon ofisyèl imigrasyon dwe kanpe li nan yon pò antre oswa nan yon ayewopò, epi
-
Li dwe fè yon ofisye imigrasyon Etazini konnen li gen laperèz pou retounen nan peyi kote li soti a.
Depi yon moun fè konnen li gen laperèz, yo ta dwe bay li referans pou li wè yon ofisye azil politik ki pral fè yon entèvyou avèk li konsènan laperèz kredib. Ofisye4 ap poze moun nan kesyon detaye pou detèmine si laperèz la:
-
Grav ak kredib, ak
-
Baze sou yon rezon pwoteje dapre lwa imigrasyon tankou ras, relijyon, konviksyon politik, nasyonalite, oswa si moun nan se manm nan yon gwoup sosyal patikilye (egzanp, moun LGBTQ+, moun ki siviv nan vyolans nan kay, elatriye.)
Si ofisye azil politik la jwenn moun nan gen yon laperèz kredib, moun nan ap jwenn pèmisyon pou kontinye avèk yon aplikasyon konplè pou azil politik nan tribinal imigrasyon.
Remak Enpòtan: Chanjman nan Règleman an epi Pou kisa Li Enpòtan Kounye a
Lontan, entèvyou yo konsènan laperèz kredib te fèt anjeneral nan moman moun yo antre oswa yon ti tan apre. Men, paske règleman imigrasyon ak priyorite pou ranfòsman te chanje anba diferan administrasyon prezidan, anpil dènye moun ki rive nan peyi a (2020 – 2025) pa t resevwa CFI nan moman yo antre. Olye sa, moun sa yo te resevwa yon Avi pou Prezante (NTA) epi yo te mete yo dirèkteman nan pwosedi pou ranvwa nan tribinal imigrasyon.
Kounye a, sou administrasyon Trump, gen yon ogmantasyon enpòtan nan refi dosye yo ak ranvwa ekspeditif.
Si ou pa t jwenn yon entèvyou konsènan laperèz kredib lè ou te antre nan Etazini, epi si ou te jwenn refi pou dosye ou, oswa si yo mete ou an gadavi, li enpòtan anpil pou ou fè otorite imigrasyon yo konnen imedyatman laperèz ou genyen pou retounen nan peyi kote ou soti a.
Si ou fè otorite yo konnen laperèz ou aklè ak yon fason serye sa kapab deklanche pwosesis laperèz kredib epitou sa ap ede pwoteje dwa legal ou pou chèche azil politik.
Kijan pou mwen mande yon entèvyou konsènan laperèz kredib?
Si ou gen laperèz pou retounen nan peyi kote ou soti a, li enpòtan anpil pou pale fò ak fè otorite imigrasyon yo konnen aklè laperèz ou genyen an imedyatman ki posib. Se fason ou kòmanse pwosesis pou mande yon Entèvyou konsènan Laperèz Kredib (CFI).
Ou kapab mande yon entèvyou konsènan laperèz kredi nan nenpòt moman lè ou:
-
Sou fwontyè a oswa nan yon pò antre (tankou yon ayewopò oswa teritwa pasaj),
-
Nan gadavi Pwoteksyon Ladwàn ak Fwontyè (CBP) Etazini,
-
Nan gadavi Ranfòsman Imigrasyon ak Ladwàn (ICE),
Ou ta dwe di aklè “mwen gen laperèz pou retounen nan peyi mwen.” Repete sa fò epi souvan.
Asire ou pèsistan. Si ofisye a meprize oswa pa kwè laperèz ou, repete sa. Pa kite sa.
Si Ou Deja nan Gadavi oswa Tribinal Imigrasyon
Si ou pa t fè yon entèvyou konsènan laperèz kredib lè ou te rive nan peyi a epi kounye a ou an gadavi oswa ou an fas anilasyon dosye ou, oswa ranvwa ekspeditif, ou ta dwe di nenpòt ofisyèl imigrasyon imedyatman ou gen laperèz pou retounen nan peyi ou epi w ap mande pou fè yon entèvyou konsènan laperèz kredib.
Kijan pou mwen gen siksè nan yon entèvyou konsènan laperèz kredib?
Entèvyou konsènan laperèz kredib se chans ou jwenn pou eksplike ba yon ofisye azil politik pou kisa ou gen laperèz pou retounen nan peyi kote ou soti a. Menmsi ofisye yo sipoze poze ou kesyon siplemantè dapre repons ou bay yo, yo souvan prese oswa y ap chèche rezon pou bay refi pou dosye ou. Se rezon sa a ki fè se oumenm ki dwe rakonte istwa ou aklè, nan mo pa ou, avèk tout kantite detay posib.
Objektif ou se pou montre non sèlman ou gen laperèz, men tou laperèz ou konekte avèk yon rezon pwoteje—tankou ras ou, relijyon ou, nasyonalite ou, konviksyon politik ou, oswa si ou se manm nan yon gwoup sosyal patikilye (pou jwenn plis enfòmasyon sou gwoup sosyal patikilye, ale sou sitwèb....).
Sa pou Di Lè Yo Mande Si Ou Gen Laperèz
Lè ofisye a mande pou kisa ou gen laperèz pou retounen nan peyi ou, li pi bon pou bay yon rezime ki kout men aklè sou laperèz ou. Reflechi sou 2-3 fraz ki eksplike sa ou pè a, kimoun ou pè, epi pou kisa ou pè li. Sa ap ede ofisye a konnen sa pou li mande ou nan plis detay.
Si ou te Viktim nan Domaj lontan
Si ou te viktim nan domaj nan peyi kote ou soti a, ou dwe dekri:
-
Sa ki te pase a,
-
Lè li te pase,
-
Moun ki te fè domaj sou ou,
-
Sa ki te di oswa fèt pandan domaj la. Si yo te rele ou non rasis, yo te joure ou, oswa yo te di move pawòl, itilize mo yo te di ou. Sa kapab ede montre motivasyon ki dèyè rezon ki fè ou te viktim nan domaj.
Ofisye a pral mande ou si ou te rapòte domaj la ba lapolis oswa ba gouvènman. Si ou pa t fè sa, eksplike si otorite yo te konsène nan domaj la epi/oswa si lapolis kowonpi oswa meprize moun tankou ou.
Pa bay twòp detay. Pa senpleman di “tout moun konnen lapolis kowonpi.” Olye ou di sa, bay yon egzanp pèsonèl example—paregzanp si yon zanmi, yon manm fanmi oswa yon vwazen ou ki te rapòte yon bagay ba lapolis epi answit moun sa te viktim nan vanjans oswa yo te meprize rapò a.
Si Ou Potko Viktim nan Domaj, Men Ou Pè Ou pral Vin Viktim
Si ou potko viktim nanm domaj lontan men ou pè w ap vin viktim pidevan, eksplike:
-
Pou kisa ou pè domaj sa a,
-
Kimoun ki ta ka fè domaj sou ou,
-
Sa ki te pase lòt moun tankou ou, epi
-
Pou kisa gouvènman an p ap pwoteje ou.
Yon fwa ankò, itilize egzanp ki baze sou konesans pèsonèl oswa eksperyans dirèk ou kèlkeswa lè li posib.
Prepare ou pou Reponn kesyon: “Pou kisa Ou Pa Kapab Viv an Sekirite yon Lòt Kote nan Peyi Ou?”
Ofisye a ka poze ou kesyon sa a plis pase yon fwa. Prepare ou pou eksplike pou kisa pa gen kote nan peyi ou ki gen sekirite pou ou. Si ou te deja eseye demenaje epi ou te toujou anba menas, di sa. Si ou gen koneksyon avèk moun ki vle fè ou mal nan peyi a, eksplike sa tou. Si peyi ou gen klan tribi ki baze nan vilaj kote yo mennen ankèt sou moun ki fèk vini ak kesyone yo, di sa. Ofisye azil politik yo pa ekspè sou peyi kote ou soti a, pa konsa yo pa konnen konpleksite rezon ki fè ou pa kapab viv yon lòt kote nan peyi ou.
Konsèy Pou Sonje
-
Rakonte istwa ou aklè, avèk vrè egzanp—ki gen ladan yo dat, non, menas, jouman, ak evènman patikilye.
-
Eksplike pou kisa ou an danje pèsonèlman, pa sèlman peyi ou ki vyolan.
-
Endike si lapolis oswa gouvènman an te refize ede ou oswa te patisipe nan domaj la.
-
Montre ou konsistan. Si ou enève, pran yon pòz Toujou kenbe sa ou konnen ak sonje.
-
Si ou pa sonje anyen, di sa. Pa fè sipozisyon nan yon repons.
Kisa yon entèvyou konsènan laperèz rezonab ye?
Anjeneral yon entèvyou konsènan laperèz rezonab se yon pwosesis pou ...
-
Moun ki te anba lòd pou ranvwa nan Etazini anvan, moun yo te retire nan Etazini, epi ki lè yo te re-antre nan Etazini ka jwenn re-aplikasyon lòd ranvwa anvan an.
-
Yon re-aplikasyon lòd ranvwa a egzekite nan piblikasyon Avi Fòm I-872 konsènan Entansyon Entansyon/Desizyon pou Re-Aplike Lòd Ranvwa Anvan an.
-
-
Sa se pou moun tou, ki pa rezidan pèmanan legal, ki te fè youn oswa plis krim grav apre admisyon yo nan Etazini, epi li gen yon lòd administratif pou ranvwa.
-
Yon Lòd Administratif pou Ranvwa egzekite avèk piblikasyon Fòm I-851A.
-
Si ou gen yon Re-aplikasyon Lòd Ranvwa oswa yon Lòd Administratif pou Ranvwa, men ou gen laperèz pou pèsekisyon oswa mechanste lè ou retounen nan peyi kote ou soti a, si ou fè konnen laperèz sa a sa ap ba ou dwa pou jwenn yon entèvyou konsènan laperèz rezonab.
Lè ou gen yon Re-Aplikasyon Lòd Ranvwa oswa yon Lòd Administratif pou Ranvwa sa vle di ou p ap gen ase chwa pou jwenn soulajman.
-
Ou p ap kalifye pou azil politik
-
Ou ka toujou kalifye pou aplike pou:
-
Anilasyon ranvwa a, oswa
-
Pwoteksyon anba Konvansyon Kont Mechanste (CAT).
-
Yon otorizasyon pou anile ranvwa a oswa yon ajounman ap sèlman asire ou p ap retounen nan peyi ou kote ou gen laperèz pou pèsekisyon oswa mechanste. Otorite yo kapab toujou retire ou nan peyi a pou voye nan yon twazyèm peyi, si peyi sa a aksepte ou. Si ou kapab rete nan Etazini, ou p ap jwenn yon chemen pou resevwa yon grinkat ni pou vin sitwayen ameriken. Answit, si otorite yo akòde ou anilasyon ranvwa a oswa ajounman ranvwa a madanm/mari ou oswa pitit ou pa kapab jwenn okenn avantaj nan kondisyon ou.
Otorite yo fè yon entèvyou avèk ou konsènan laperèz rezonab pou yo detèmine si ou kalifye pou aplike pou anilasyon ranvwa a oswa pou ajounman ranvwa a. Yon entèvyou konsènan laperèz rezonab sanble avèk yon entèvyou konsènan laperèz kredib, nan fason otorite yo fè toulède, ak fason demann fèt pou yo chak. Yon ofisye azil politik fè yon entèvyou konsènan laperèz rezonab; men, yon entèvyou konsènan laperèz rezonab depannde yon nòm seleksyon avanse. Nan yon entèvyou konsènan laperèz rezonab, ou dwe montre gen yon “posiblite rezonab” pou gen pèsekisyon oswa mechanste ki se menm nòm yo itilize nan ka azil politik yo pou detèmine yon laperèz ki byen jistifye.
Si yon ofisye azil politik jwenn ou te montre ou gen yon laperèz rezonab, l ap voye dosye a ba yon Jij Imigrasyon pou yon odisyon konplè. Jij Imigrasyon an ap sèlman konsidere si ou kalifye pou anilasyon oswa ajounman ranvwa a. Ou p ap jwenn pèmisyon pou aplike pou okenn lèt fòm soulajman.
Si yon ofisye azil politik jwenn ou pa t endike ou gen yon laperèz rezonab, ou gen dwa pou mande yon Jij Imigrasyon pou revize desizyon an. Si ou pa mande pou Jij Imigrasyon an revize desizyon negatif ofisye azil politik la, ICE ap retire ou nan Etazini.
Si ou mande yon revizyon desizyon an, epi Jij Imigrasyon an dakò avèk desizyon negatif ofisye azil politik la, ICE ap toujou retire ou nan Etazini. Men, li toujou pi bon pou mande yon Jij Imigrasyon revize yon desizyon negatif yon ofisye azil politik. Ofisye azil politik yo pa gen menm fòmasyon jiridik, epi poutèt sa, yo pa toujou gen menm entèpretasyon lwa a tankou Jij Imigrasyon yo. Pafwa ofisye azil politik yo ap fè erè oswa y ap pran desizyon ki kontrè avèk lwa a. Jij Imigrasyon an la pou jwenn erè sa yo epi pou ranvèse desizyon yo lè li nesesè. Pou asire ou jwi dwa ou genyen yo, ou ta dwe toujou mande pou yon Jij Imigrasyon revize yon desizyon negatif. Si apre revizyon an, Jij Imigrasyon an pa dakò avèk desizyon negatif ofisye azil politik la, Jij Imigrasyon an ap ranvèse desizyon ofisye azil politik la.
Si sa rive, Jij Imigrasyon an pral mete ou nan pwosedi pou detèmine si ou kalifye pou anilasyon ranvwa a oswa pou ajounman ranvwa a sèlman epi l ap pwograme ou pou yon odisyon.
Kijan pou mwen mande yon entèvyou konsènan laperèz rezonab?
Pwosesis pou mande yon entèvyou konsènan laperèz rezonab sanblab avèk fason pou mande yon entèvyou konsènan laperèz kredib. Sa vle di, si ou gen laperèz pou pèsekisyon oswa mechanste lè ou retounen nan peyi kote ou soti a, li enpòtan anpil pou fè yon ofisye imigrasyon konnen sa. Li enpòtan pou sonje, yon ofisye imigrasyon pa gen obligasyon ankò pou mande ou si ou gen laperèz pou retounen nan peyi kote ou soti a. Sa vle di ou dwe fè ofisye imigrasyon an konnen laperèz ou, menmsi li pa mande ou. Si ou pa di ou gen laperèz, ou p ap resevwa yon entèvyou konsènan laperèz rezonab, epi yo ka retire ou nan peyi a san ou pa jwenn yon chans pou di kichòy sou laperèz ou yo.
Ou kapab mande yon entèvyou konsènan laperèz rezonab nenpòt lè. Si ou an gadavi nan ICE oswa si ou an gadavi nan CBP, ou ta dwe endike aklè ou gen laperèz pou retounen nan peyi kote ou soti a. Ou kapab menm ensiste pou fè konnen ou gen laperèz pou retounen nan peyi kote ou soti a, epitou ou gen yon dwa legal pou fè yon entèvyou avèk yon ofisye azil politik. Di sa yon fason aklè, djanm, ak repetitif jiskaske yo konprann ou gen laperèz pou retounen nan peyi kote ou soti a epi ou bezwen yon entèvyou konsènan laperèz rezonab.
Si yo mete ou an gadavi, li enpòtan yon fason espesyal pou kontinye fè ofisye imigrasyon yo konnen ou gen laperèz pou retounen nan peyi kote ou soti a. Si ou an gadavi, epi depi ou fè konnen laperèz ou, ICE ta dwe voye dosye ou nan yon biwo azil politik nan 10 jou apre ou te fè konnen yon laperèz pou yo pwograme yon entèvyou pou ou. Men, si ou resevwa yon kondanasyon nan prizon pou yon vyolasyon kriminèl, si se yon santans ki long, ou pa ta jwenn yon entèvyou konsènan laperèz rezonab jouk nan fen santans kriminèl ou.
Kesyon Etap 4
Etap 4: Fason pou Konprann Desizyon Jij la
-
Ki diferan desizyon jij la kapab pran?
-
Kisa sa vle di si gouvènman an ofri ou youn nan lòt kalite chwa sa yo?
-
Konbyen tan mwen genyen pou fè apèl kont desizyon jij la?
-
Kisa chwa mwen yo ye si apèl mwen gen siksè?
-
Kisa yon ranvwa oswa yon lòd depòtasyon ye?
-
Kisa k ap pase si mwen antre nan Etazini ankò apre yo depòte mwen?
-
Èske mwen kapab depòte tèt mwen avèk volonte mwen?
Fason pou Fonksyone nan Gadavi
-
Kijan pou mwen kontakte yon moun pa mwen ki an gadavi?
Fason pou Mande ak Fason pou Fè yon Entèvyou konsènan Laperèz Kredib
-
Kisa yon entèvyou konsènan laperèz kredib ye?
-
Kijan pou mwen mande yon entèvyou konsènan laperèz kredib?
-
Kijan pou mwen gen siksè nan yon entèvyou konsènan laperèz kredib?
-
Kisa yon entèvyou konsènan laperèz rezonab ye?
-
Kijan pou mwen mande yon entèvyou konsènan laperèz rezonab?