Etap 3: Preparasyon pou Jijman/Entèvyou Azil Ou an
Rasanble Prèv Ou yo
Kijan pou mwen detèmine ki prèv pou m prepare pou odyans endividyèl mwen an?
Gen plizyè mezi diferan ou ka pran pou prepare prèv pou odyans endividyèl ou a. Bagay ki pi enpòtan pou w sonje lè w ap ranpli etap sa yo se dèske objektif final ou se pou pwouve prèv fyab, konvenkan pou chak pati nan istwa azil ou a. Gen anpil diferan kalite prèv ki ta ka adapte ak kritè sa a.
Premye mezi ou an ta ka poze se wè si gen pake sou kondisyon peyi ou ak demann azil anpatikilye ou an. Sa yo se pake ki gen plizyè atik ki soti nan sous kredib ki bay enfòmasyon jeneral sou reklamasyon w la. Ale nan kesyon ki anba a pou yon esplikasyon pi detaye sou pake sou kondisyon peyi yo. Li enpòtan tou pou sonje jij imigrasyon w la dwe konsilte rapò Depatman Deta sou peyi kote w ap mande azil la.
Yon fwa ou rasanble ase prèv pou montre jij imigrasyon w la ki kondisyon sou teren an ye nan peyi orijin ou, w ap vle konsantre sou jistifye pati ki pi pèsonèl yo nan istwa w la. Ou pral vle asire w dokiman w ap chèche pwochen èd yo ase pou pwouve plent ou te fè an konsènan krent ansyen oswa pwochen pèsekisyon nan aplikasyon azil ou a.
Pou kisa, ou ta ka konsidere mete prèv sa yo:
-
Dosye medikal
-
Prèv ou te yon manm yon pati anpatikilye yon gwoup politik
-
Lèt nan men temwen evènman ou mansyone yo nan aplikasyon azil ou a (si ou chwazi mete sa a, ou dwe mete dokiman idantifikasyon tou pou pwouve lejitimite lèt la)
-
Prèv militantis (kopi ekran sou patisipasyon sou entènèt, imaj pwòp tèt ou nan manifestasyon)
-
Sètifika lanmò manm fanmi ki enpòtan
-
Foto blesi
Li enpòtan nenpòt prèv ou mete yo tradui an anglè. Nou rekòmande tou pou ou pa soumèt prèv ou moso pa moso, men tout an menm tan, yon fwa ou gen chans verifye tout bagay koyeran. Koyerans se yon pati esansyèl nan asire w dosye w la rete kredib.
ENGLISH
ESPAÑOL
FRANÇAIS
Kisa ki se yon pake sou kondisyon peyi m e kijan li ka ede m?
Lè w prezante dosye azil ou an, w ap bezwen konvenk jij la laperèz ou pou sekirite w rezonab si w konsidere sa k ap pase kounye a nan peyi orijin ou. Sa a ka fèt nan soumèt rapò ak atik sou fason lòt moun tankou ou yo trete la. Pandan chak dosye azil san parèy, e pa w la pral depann ak pwòp idantite w, gen kèk seri dokiman konsa ki deja prepare, yo rele pake sou kondisyon peyi an, ou ka jwenn yo la pou itilize. Pa egzanp, si ou soti Ondiras epi ou pè pou sekirite ou paske ou se Garifuna, gen yon pake ki gendwa itil ou. Tanpri sonje, anplis soumèt yon pake sou kondisyon peyi w, w ap toujou gen pou bay prèv ki jistifye detay yo nan dosye endividyèl ou a.
ENGLISH
ESPAÑOL
FRANÇAIS
Èske gen yon bagay mwen pa ta dwe soumèt nan kad prèv mwen an?
Ou ta dwe soumèt nenpòt bagay ki gen rapò ak dosye w la epi ki ede montre sa ki te rive ou an ak poukisa ou pè tounen. Men, asire w anvan ou soumèt nenpòt ki bagay, ou egzamine dokiman an pou asire w li kòrèk! Èske dat yo kòrèk? Èske li esplike sa ki te pase nan yon fason egzat? Èske gen yon gwo ensidan ki pa la? Erè nan prèv ou yo ka fè andomaje dosye w la kidonk asire w ou abitye e ou ka konfime tout sa ou soumèt yo kòrèk. Epitou, prepare w pou w esplike tribinal la kijan w te resevwa prèv la, sitou prèv ki soti nan peyi w.
ENGLISH
ESPAÑOL
FRANÇAIS
Èske mwen ka gen moun ki sèvi kòm temwen pou demann azil mwen an? Ki demach mwen bezwen fè?
Wi, ou ka fè moun sèvi kòm temwen pou demann azil ou a. Nenpòt temwen ap gen pou soumèt yon lèt soutyen (gade anba a pou plis enfòmasyon sou lèt soutyen yo). Lèt sa a dwe nan prèv ou bay jij la ak avoka gouvènman an. Yon kopi pyès idantite temwen an dwe atache ak lèt soutyen a.
Anplis sa, temwen an ka temwaye nan odyans ou a. Si temwen ou an pa disponib pou temwaye nan odyans ou a, jij la gendwa pa bay deklarasyon li a otan konsiderasyon.
Temwen potansyèl yo ta gendwa gen ladan yo:
-
Manm fanmi ki te temwen ou ap sibi domaj
-
Kòlèg oswa zanmi ki ka pale sou pèsekisyon ou te rankontre a
-
Yon doktè oswa yon terapet ou wè pou tretman pou domaj ou te sibi a
Li enpòtan pou temwen ou yo kapab pale sou pati enpòtan nan istwa w la pou montre jij la w ap di laverite sou sa ki te pase nan peyi w la epi poukisa ou pè retounen. Deklarasyon temwen ki pi solid la se lè temwen an pale sa li te wè pèsonèlman, pa sèlman sa li te tande. Temwen yo ta dwe kapab reponn kèk nan kesyon sa yo konsènan dosye azil ou a. Li pa gen pwoblèm si yo pa ka reponn tout kesyon sa yo, men sa yo se gid pou sa yon temwen ta dwe kapab temwanye sou li.
-
Kijan moun k ap chèche azil la te sibi chòk?
-
Ki moun ki te fè moun k ap chèche azil la mal?
-
Èske menas oswa domaj sa yo te gen rapò ak ras, relijyon moun k ap chèche azil la, patisipasyon li nan yon pati politik oswa yon sendika, oswa oryantasyon seksyèl li?
-
Èske manm fanmi moun k ap chèche azil la oswa moun ki sanble ak yo nan peyi yo ap konfwonte ak menas oswa domaj sanblab?
-
Èske moun k ap chèche azil la te eseye mande pwoteksyon nan peyi ou? Si se wi, ki jan otorite lapolis yo te reyaji?
-
Kisa ki te pase lè moun k ap chèche azil la te mande pwoteksyon?
-
Si moun k ap chèche azil la pa t mande pwoteksyon, poukisa li pa t fè sa?
-
Èske gouvènman an pral fè moun k ap chèche azil la mal? Èske yo konplis?
-
Èske w ka viv anpè nan yon lòt pati nan peyi w?
-
Ki menas oswa domaj moun k ap chèche azil la te sibi nan peyi li te vwayaje/kote li te rete anvan li te rive Ozetazini?
Pou temwen ou yo ka patisipe nan odyans endividyèl ou a epi temwanye anfavè ou, ou dwe ranpli fòmilè sa a epi soumèt li nan tribinal imigrasyon ou an pa pita pase trant jou anvan dat odyans endividyèl ou a. Si ou pa soumèt dokiman sa yo alè, sa gen anpil chans pou temwen ou yo pa kapab prezante nan odyans ou an.
Ou gendwa mete temwen ki pa Ozetazini. Si ou gen temwen andeyò peyi a, ou gendwa mete yo sou lis temwen an epi endike y ap bezwen parèt atravè Webex, yon platfòm sou entènèt tribinal imigrasyon yo itilize pou nenpòt konpozan vityèl nan pwosesis imigrasyon an. Sepandan, kenbe nan tèt ou yo dwe disponib pou temwanye lè odyans endividyèl ou a ap fèt la.
ENGLISH
FRANÇAIS
Kisa yon lèt soutyen ye? Kisa ki ta dwe ladan l?
Lèt soutyen yo kapab yon pati enpòtan nan dosye w la nan tribinal imigrasyon an. Lèt sa yo ede montre jij la sa ou di nan aplikasyon w lan se vre. Yo ka soti nan zanmi, manm fanmi, kòlèg travay, vwazen, yon doktè oswa yon terapet, oswa nenpòt moun ki gen konesans pèsonèl sou sa ki te rive ou oswa sa ou te pase nan peyi lakay ou.
Kisa ki ta dwe genyen nan lèt la?
Chak lèt ta dwe gen ladan l:
-
Ki moun ki ekriven an e kijan yo konnen ou (non, relasyon avèk ou, ak orijin)
-
Sa yo te temwen pèsonèlman oswa sa yo konnen sou dosye w la
Li pa ase pou di tou senpman "Yo se yon bon moun" oubyen "Yo te kouri pou sekirite yo." Lèt la bezwen gen ladan l egzanp presi ak detay sou dosye w la. Pa egzanp:
-
"Mwen te nan manifestasyon an avèk _____ lè yo te arete l."
-
"Mwen te wè lapolis frape ____ ak yon baton."
-
"Mwen te vizite ______ nan lopital apre atak la."
-
"_____ te rele m apre kriminèl yo te menase li."
-
"____ te kache lakay mwen pou l te chape anba patnè li a"
Ekriven yo ta dwe sèlman pale apwopo pati nan istwa w la yo vrèman konnen. Se pa tout moun ki bezwen esplike tout bagay—konsantre sèlman sou pati yo konnen pèsonèlman. Lèt fò yo konsantre sou detay klè ak dirèk ki jistifye demann azil ou a. .
Egzijans enpòtan yo:
-
Chak lèt dwe gen yon pyès idantite ak foto moun ki ekri l la ladan l oubyen yo dwe notarye l.
-
Si lèt la pa an anglè, li dwe tradui an anglè epi gen yon sètifika tradiksyon.
-
Lèt yo kapab tape oswa ekri alamen.
-
Si yon moun pa alèz pou voye yon lèt nan lapòs, yo kapab voye yon foto klè oswa yon eskanè nan imèl oswa WhatsApp.
-
Asire w foto a oswa eskanè a byen lizib epi li pa twoub.
Konsèy pou Prèv Solid:
-
Plis ou ka jwenn lèt, l ap pi bon.
-
Eseye ranmase lèt ki kouvri diferan pati nan istwa ou a.
-
Kòmanse bonè—rasanble prèv sa yo pran tan.
-
Si posib, mande ekriven an si l dispoze pou temwanye (vin nan tribinal la, rele, oswa parèt vityèlman si l andeyò peyi a). Lèt yo pi fò lè moun nan disponib pou konfime sa li te ekri a—men pa gen pwoblèm si li pa ka temwanye.
-
Asire w ou li tout lèt ou soumèt pou sipòte dosye w la. Pafwa moun sonje bagay yo yon fason diferan pase ou, epi li enpòtan pou tout sa ou soumèt yo kòrèk nan limit konesans ak memwa ou.
Pou plis enfòmasyon sou temwanyaj temwen yo, tanpri vizite (mete lyen ki mennen nan paj ki pale sou temwanyaj la)
ENGLISH
FRANÇAIS
Kesyon Etap 3
Etap 3: Preparasyon pou Jijman/Entèvyou Azil Ou an
-
Kisa yon jijman ye? Poukisa gen kèk moun ki gen jijman e lòt moun ki fè entèvyou?
-
Ki diferans ki genyen ant yon entèvyou azil ak yon odyans sou merit?
-
Ki diferans ki genyen ant odyans prensipal la ak odyans endividyèl/sou merit la?
-
Kisa ki ap rive nan odyans endividyèl/sou merit la?
-
Kisa mwen ka atann nan men avoka imigrasyon mwen an?
-
Kijan mwen ka jwenn yon avoka?
-
Kijan mwen ka evite avoka ki sou fwod?
-
Kisa k ap pase si mwen pa ka jwenn yon avoka?
-
Kijan pou mwen detèmine ki prèv pou m prepare pou odyans endividyèl mwen an?
-
Kisa ki se yon pake sou kondisyon peyi m e kijan li ka ede m?
-
Èske gen yon bagay mwen pa ta dwe soumèt nan kad prèv mwen an?
-
Èske mwen ka gen moun ki sèvi kòm temwen pou demann azil mwen an? Ki demach mwen bezwen fè?
-
Kisa yon lèt soutyen ye? Kisa ki ta dwe ladan l?
-
Kijan pou mwen soumèt prèv mwen an?
-
Kisa k ap pase si mwen pa gen yon enprimant?
-
Mwen prepare tout prèv mwen yo. Ki lòt bagay mwen ka fè pou pare pou odyans endividyèl mwen an?
-
Ki kèk bagay mwen ta dwe evite fè pandan jijman an?