top of page

Etap 1: Demare

Demenaje Pandan Pwosesis Imigrasyon an

Kisa k ap pase si mwen demenaje pandan pwosesis imigrasyon an?

Si ou demenaje, li oblijgatwa pou avize chak ajans ki enplike nan pwosesis imigrasyon an nan espas senk jou apre ou demenaje. Sa ka vle di ou dwe depoze twa chanjman adrès separe. Si w ap demenaje soti nan Eta a, w ap oblije chanje tribinal imigrasyon w lan tou lè w depoze yon chanjman anplasman.


Tanpri sonje, si li parèt kounye a ou abite nan yon adrès ki byen lwen tribinal imigrasyon aktyèl ou an nan moman an odyans kalandriye prensipal ou a, jij imigrasyon an gendwa transfere dosye w la nan yon tribinal ki pi pre pandan konparisyon w nan tribinal la.

ESPAÑOL

00:00 / 00:50

Kijan pou mwen chanje adrès mwen?

Ou ka swiv kòd QR ki anba yo pou chanje adrès ou ak tribinal imigrasyon, ICE, ak USCIS, respektivman. Sonje chanjman sa yo dwe fèt nan espas senk jou apre ou demenaje.

Screenshot 2024-08-27 at 7.16.49 PM.png

Pou yon esplikasyon pi detaye sou kijan pou chanje adrès ou, ou ka gade videyo sa a (Anglè) Pro Se Plus Partner NYLAG bay sou fason pou chanje adrès ou ak tribinal imigrasyon w la, ICE, ak USCIS.

ESPAÑOL

00:00 / 00:50

Kijan pou mwen depoze yon chanjman anplasman?

Si w deplase andeyò Eta kote tribinal ou a ye a oswa menm nan menm Eta a, men byen lwen tribinal la, w ap bezwen soumèt yon demann (ki rele nan tèm legal kòm yon "mosyon") pou yon "chanjman anplasman”. Dokiman sa a se modèl patnè PSPP yo itilize pou soumèt chanjman anplasman pou manm kominote a.

​

Si w pa gen yon avoka pou depoze sa a pou ou, w ap bezwen ranpli l epi voye l bay jij nan tribinal aktyèl ou an (men yon echantiyon). W ap blije soumèt tou yon chanjman adrès ki akonpaye l (soumèt nan espas senk jou apre w demenaje an). Jij imigrasyon aktyèl ou an ap deside si wi ou non li aksepte demann ou an.


EOIR, ajans gouvènman an ki sipèvize tribinal imigrasyon yo, bay resous pou èd pèsonèl sa yo pou moun ki dwe soumèt yon demann pou yon chanjman anplasman. Ou ka gade tou nan gid sa a (anglè) patnè PSPP UnLocal lan kreye pou plis detay.

ESPAÑOL

00:00 / 00:50

Kijan mwen ka konnen si chanjman anplasman mwen an te reyisi?

Premye kote pou verifye pou wè si demann chanjman lokal ou a te reyisi se verifye enfòmasyon ou yo apati nimewo A ou nan sistèm enfòmasyon ka otomatik EOIR la swa pa telefòn nan 1-800-898-7180 oswa sou entènèt. Si zòn tribinal la chanje pou yon tribinal ki pi pre w, eben li te mache. Ou kgendwa resevwa tou yon lèt nan lapòs ki konfime yo te "akòde" chanjman lokal ou a. 

​

Sepandan, si w remake enfòmasyon tribinal la pa chanje lè w verifye sistèm enfòmasyon otomatize EOIR la pou dosye yo, ou dwe rele tribinal imigrasyon kote w te mande pou chanje lokal la epi mande anplwaye tribinal la pou verifye estati rekèt pou chanjman lokal la. Ou ka jwenn nimewo telefòn tribinal la nan sistèm enfòmasyon otomatize EOIR la lè w verifye pou pwochen dat odyans lan. 

​

Asire w ou genyen nimewo A disponib pou ou menm ak nenpòt lòt manm nan fanmi w ki nan dosye ou an lè w rele. Tanpri sonje si ou pa kapab konfime chanjman lokal la te reyisi anvan pwochen odyans ou a, ou toujou dwe konparèt nan odyans sa a oswa ou ka resevwa òdonans depòtasyon ou nan absans ou.

ESPAÑOL

00:00 / 00:50

Kesyon Etap 1

Yon Apèsi

  • Kisa "pwosesis imigrasyon an ye"?

  • Ki diferan ajans ki enplike nan pwosesis imigrasyon an?

​

Dokiman ou yo

  • Mwen te resevwa plizyè dokiman sou fwontyè a, men mwen pa konprann kisa yo ye.

  • Mwen fenk rive e mwen tout enfòmasyon sa yo twòp pou mwen. Sou kisa mwen ta dwe konsantre m anpremye?

  • Mwen pa parèt nan sistèm tribinal imigrasyon (EOIR) lan men yo ban m yon NTA. Kisa sa vle di?

​

Odyans Ou nan Tribinal Imigrasyon

  • Kijan mwen ka jwenn kilè pwochen dat odyans tribinal mwen an ye?

  • Kisa ki ap rive nan premye odyans mwen nan tribinal imigrasyon?

  • Mwen te ale nan odyans kalandriye prensipal mwen an nan bon dat ak lè a, men yo te di m mwen pa t ap wè jij imigrasyon mwen an. Kisa sa vle di?

  • Kisa sa vle di si odyans mwen an nan lis kòmkwa "li fèt sou entènèt"?

Anrejistre ak ICE

  • Kisa ICE ye e poukisa mwen oblije anrejistre ak yo tou?

  • Kijan pou mwen pwograme epi anrejistre pou randevou mwen yo ak ICE?

  • Poukisa ICE te pran paspò mwen?

​​

Demenaje Pandan Pwosesis Imigrasyon an

  • Kisa k ap pase si mwen demenaje pandan pwosesis imigrasyon an?

  • Kijan pou mwen chanje adrès mwen?

  • Kijan pou mwen depoze yon chanjman anplasman?

  • Kijan mwen ka konnen si chanjman anplasman mwen an te reyisi?

Pro Se Plus Project logo

Bay Imigran yo Pouvwa epi Mobilize Kominote yo

© 2023 se Pwojè Pro SE Plus fè ki fè l. Se RonaldDesigns ki fè konsepsyon an| Kondisyon Itilizasyon yo | Règleman sou Vi Prive

bottom of page