Etap 2: Ranpli Dokiman Ou yo
Pou evite fwòd
Kijan pou mwen konnen si mwen kapab kwè òganizasyon k ap ede mwen?
Nou resevwa enfòmasyon ki fè konnen gen moun k ap itilize logo founisè sèvis imigrasyon ki fyab ak gratis. Sa a se yon lòt fòm fwod nan afè imigrasyon epi ou ta dwe rapòte sa ba otorite yo imedyatman. Ou kapab rele liy dirèk ONA nan nimewo 1-800-566-7636.
Gen yon kantite aksyon ou kapab fè pou detèmine si òganizasyon k ap travay avèk ou se youn ki fyab:
-
Òganizasyon non-komèsyal yo reklame ki ba oswa yo pa reklame frè pou sèvis yo. Yo resevwa finansman prive ak piblik pou travay yo, ki pèmèt yo ofri sèvis yo pou frè nominal oswa pou gratis.
-
Si w ap kominike avèk yon òganizasyon ki reklame yon kantite lajan enpòtan pou peye yo pou ranpli fòm imigrasyon, yon fason ou kapab tcheke si yo lejitim se mande yo yon repatisyon frè yo reklame a. Souvan, fwodè yo p ap kapab bay kalite repatisyon estriktire sa a nan yon mannyè apwopriye
-
Ou kapab wè ki kalite frè yo reklame pou ranpli aplikasyon yo pou voye ba gouvènman sou sitwèb sa a. W ap gen pou peye frè sa yo kanmenm si yon moun ede ou avèk aplikasyon ou. Ou kapab itilize nimewo sa yo tou pou detèmine fason tarif yo reklame pou ou peye a san paspouki.
-
-
Enfòmasyon ki nan sitwèb ofisyèl òganizasyon an koresponn avèk enfòmasyon ou te bay yo. Paregzanp, si sitwèb la gen yon lis manm pèsonèl la, ou kapab tcheke moun ou t ap kominike avèk li a ladan.
-
Pifò founisè sèvis gratis yo gen yon nimewo telefòn ki endike aklè sou sitwèb yo. Ou kapab toujou rele nimewo telefòn sa a apre ou kominike avèk yon òganizasyon ki itilize logo yo. Si li nesesè, ou kapab ale nan adrès fizik òganizasyon an.
-
Òganizasyon an ap ofri ou yon kontra pou ou siyen epi kontra a ap endike avèk ki sèvis yo pral ede ou. Ale nan kesyon sa a (“Kisa mwen kapab espere nan avoka imigrasyon mwen?”) pou jwenn plis enfòmasyon sou sa ou kapab espere jwenn nan kontra sa a.
Kijan mwen kapab di si mwen te resevwa yon avi ki gen fwod?
Avèk aplikasyon frè ki ogmante pou moun k ap chèche jwenn azil politik peye, gen nouvo fòm imigrasyon ki parèt. Anpil manm kominote a te kontakte nou avèk egzanp avi ki gen fwod k ap mande lajan. Anba la se yon lis kèk konsèy ou kapab swiv pou evite vin yon viktim nan fwod.
Erè nan Òtograf ak Erè nan Fòmataj
-
Nenpòt gwo erè nan òtograf se yon endikasyon ki montre yon avi ka gen fwod ladan.
-
Enfòmasyon ki nan dokiman an fòmate yon fason ki pa kòrèk, jan nou wè sa tou avèk adrès Biwo Konseye Legal Prensipal la.
-
Ou kapab ale nan paj Asylum Seeker Advocacy Project’ pou jwenn kèk egzanp konsènan sa avi otantik yo sanble.
-
-
Tout dat ki nan avi a ta dwe gen dat la nan fòma sa a: MWA JOU ANE [MM DD YYYY] . Nenpòt avi ki gen dat nan fòma JOU MWA ANE [DD MM YYYY] se avi ki gen fwod. Ou ta dwe fè atansyon espesyal nan dat ki fè pati nan nenpòt so, tankou nan egzanp anba a.



Enfòmasyon Kontak ki Sispèk
-
Adrès imèl moun ki kontakte ou pa fini avèk .gov. ou ta dwe pridan avèk adrès ki fini avèk ,gov paske sa se yon erè òtograf.
-
Nenpòt bakode oswa kòd QR, lè ou eskane yo, mennen nan paj ki gen URL sispèk ki pa koresponn avèk URL sitwèb gouvènman (sètadi www.uscis.gov, acis.eoir.justice.gov)

Enkonsistans
-
Enfòmasyon yo pa koresponn avèk enfòmasyon ki afiche sou sitwèb ofisyèl yo. Paregzanp, adrès pou Biwo Konseye Legal Prensipal la pa kòrèk.


Enfòmasyon ki Manke oswa Nivo Detay ki pa Apwopriye
-
Pyès enfòmasyon enpòtan, tankou nimewo resi oswa nimewo kont USCIS ki pa la oswa yo pa kòrèk.
-
Enfòmasyon ki nan dokiman an pa konsistan oswa yo bay konfizyon. Paregzanp, nan dezyèm avi a, tèks la konsène yon akò ant “Anbasad ETAZINI ak PEYI AMERIK LATIN YO.” Yon avi ofisyèl ta bay plis presizyon.

Metòd Kominikasyon ki pa Apwopriye
-
Gouvènman Etazini p ap kontakte ou nan medya sosyal (sètadi TikTok, Instagram) ni nan WhatsApp. Yo p ap voye yon videyo ba ou ni yo p ap egzije ou pou fè peman.
-
Sizoka ou resevwa yon imèl gouvènman Etazini, sa ap fèt sèlman paske ou te bay konsantman ou pou resevwa avi elektwonik epi yo te voye yon avi fizik ba ou ki gen menm enfòmasyon avèk adrès ki nan dosye.
Sa a se premye lis fonksyon pou eskane pou jwenn avi ki gen fwod yo. Tanpri kontakte youn nan founisè yo ki endike sou paj sa a oswa yon avoka imigrasyon kalifye sizoka ou ta
renmen jwenn lòt sipò.
Nou te tande rapò anplwaye k ap travay nan abri yo [shelters] pou bay manm kominote a nimewo pou yo rele, sa ki te lakòz yo te resevwa anpil avi. Tanpri sonje nenpòt avi gouvènman Etazini voye ba ou ap adrese dirèkteman pou ou, men yo p ap remèt avi yo ba okenn moun endepandan.
Kesyon Etap 2
-
Kisa opsyon mwen yo ye?
-
Kijan pou mwen ranpli aplikasyon azil mwen an?
-
Kijan pou mwen soumèt aplikasyon azil mwen an?
-
Kisa k ap pase apre mwen soumèt aplikasyon mwen an?
-
Kisa ki azil la?
-
Kisa TPS ye?
-
Kisa SIJS ye?
-
Èske mwen ka aplike pou alafwa TPS ak azil?
-
Èske mwen ka aplike pou alafwa SIJS ak azil?
-
Ki diferans ki genyen ant depoze yon aplikasyon azil antanke yon fanmi parapò ak yon aplikasyon pou chak manm nan fanmi an?
-
Kisa sa vle di si yo te kite m antre sou eksepsyon imanitè oswa atravè CBPOne?
Prepare e Soumèt Aplikasyon Azil ou an
-
Kijan pou mwen ranpli aplikasyon azil mwen an?
-
Kijan pou mwen soumèt aplikasyon azil mwen an?
-
Kisa k ap pase apre mwen soumèt aplikasyon mwen an?
-
Kijan pou mwen aplike pou TPS?
-
Kisa pou m fè si mwen pa jwenn randevou byometrik mwen an?
-
Kilè mwen ka aplike pou otorizasyon travay?
-
Ki etap pou m depoze otorizasyon travay mwen an?
-
Kisa k ap pase apre mwen fin soumèt otorizasyon travay la?
-
Kisa pou m fè si delè azil mwen an kanpe?
-
Kijan pou mwen konnen konbyen jou ki pase nan delè azil mwen an
-
Poukisa yo te refize oswa rejte aplikasyon otorizasyon travay mwen an?
-
Kijan pou mwen konnen si mwen kapab kwè òganizasyon k ap ede mwen?
-
Kijan mwen kapab di si mwen te resevwa yon avi ki gen fwod?